Akdèzapot 20:32
Koulye a m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesaj favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun.
Cross References
Genesis 50:24Li di frè l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.
Jeremiah 49:11Pa gen pesonn k'ap rete pou di: Kite timoun ki san papa yo avè m'. M'a okipe yo. Vèv nou yo mèt konte sou mwen.
John 17:17Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.
Acts 14:3Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.
Acts 14:26Antan yo la, yo pran batiman pou Antiòch. Se la nan menm Antiòch sa a yo te renmèt yo nan men Bondye ki te ba yo favè l' pou yo te al fè tout travay yo sot fè a.
Acts 20:24Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.