Acts 20:24
Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 11:18Lamenm twa mesye yo desann, yo fofile kò yo nan mitan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a.
John 15:27Nou menm tou, n'a pale sou mwen, paske nou te la avè m' depi nan konmansman.
Acts 1:17Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l' nan travay nou an.
Acts 11:23Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje.
Acts 20:21Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
Acts 21:13Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm.