John 20:1
Nan dimanch maten, byen bonè, li pa t' ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 27:60Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fèk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l'. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi li al fè wout li.
Mark 15:46Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l' nan dra a, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a.
Mark 16:9Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.)
John 19:25Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.
John 20:26Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout.
1 Corinthians 16:2Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.