Akdèzapot 21:31
Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 1:41Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l' yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la?
Mark 14:2Yonn t'ap di lòt: -Nou pa kapab arete l' pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la.
John 18:12Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.
Acts 17:5Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la.
Acts 21:38Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil (4.000) bandi avè l' nan dezè a?
Acts 23:17Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: Mennen jenn gason sa a bò kot kòmandan an: li gen kichòy pou l' di li.