Jan 18:12
Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.
Bib La
In The King James Version
Then the band and the captain and officers of the Jews took Jesus, and bound him,
In Context
13Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a.
Cross References
Genesis 22:9Lè yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotèl la, anwo bwa yo.
Judges 16:21Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l' yo. Yo mennen l' lavil Gaza, yo mare l' avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an.
Matthew 26:57Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.
Mark 14:53Yo mennen Jezi kay granprèt la. Se la tout chèf prèt yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo te reyini.
Luke 22:54Yo arete Jezi, yo mennen li ale. Yo kondi l' kay granprèt la. Pyè t'ap swiv yo yon ti jan lwen lwen.
Acts 21:31Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba.