Akdèzapot 22:24
Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l' pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l' konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Yo t'ap rele pi rèd, yo t'ap souke rad yo, yo t'ap voye pousyè tè anlè.
Cross References
John 19:1Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.
Acts 16:37Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò.
Acts 21:34Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pa t' kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l' wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan.
Acts 23:10Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pa t' dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l' tounen nan kazèn lan.
Hebrews 11:35Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, anpil fanm wè moun pa yo ki te mouri tounen leve vivan ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve soti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon.