Akdèzapot 22:30
Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l' devan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 5:22Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a.
Matthew 27:2Apre yo fin mare l', yo mennen l' ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.
Acts 21:11Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo.
Acts 22:5Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo.
Acts 23:28Mwen mennen l' devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa.