Akdèzapot 22:5
Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 4:5Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm.
Acts 9:1Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la.
Acts 13:26Frè m' yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou.
Acts 26:10Se sa m' te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale.
Acts 28:21Yo reponn li: Nou pa resevwa okenn lèt soti peyi Jide sou ou. Okenn frè pa soti laba vin isit pou ban nou nouvèl, ni pou pale mal sou ou.
1 Timothy 4:14Pa neglije kado Lespri Bondye te ba ou lè chèf reskonsab yo te mete men sou tèt ou, apre pwofèt yo te fin pale pou ou.