Akdèzapot 26:10
Se sa m' te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 7:58Yo trennen l' deyò lavil la. Yo touye l' ak kout wòch. Moun ki t'ap akize Etyèn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sòl.
Acts 8:3Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon.
Acts 9:13Ananyas reponn: Seyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm.
Acts 9:26Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l' ak disip yo, men yo tout te pè l': yo pa t' kwè li te yon disip tout bon vre.
Acts 9:41Pyè lonje men l' ba li, li fè l' leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan.
Acts 22:19Mwen reponn: Seyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat.