Akdèzapot 22:8
Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Mwen tonbe atè, epi m' tande yon vwa ki di m': Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?
9Moun ki te la avè m' yo te wè limyè a tou, men yo pa t' tande vwa ki t'ap pale avè m' lan.
Cross References
1 Samuel 8:7Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò.
Matthew 2:23Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: y'a rele l' moun Nazarèt.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
Acts 3:6Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.
Acts 6:14Nou tande l' di konsa: Jezi, moun Nazarèt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.
Acts 26:14Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m' an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li.