Akdèzapot 6:14
Nou tande l' di konsa: Jezi, moun Nazarèt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 66:1Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
Jeremiah 7:4Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.
Jeremiah 26:12Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la.
Daniel 9:26Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la.
Micah 3:12Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.
Zechariah 14:2Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.