Acts 23:3
Lè sa a Pòl di li: Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho! Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m' dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k'ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape m' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt.
4Moun ki te toupre Pòl yo di li: Apa w'ap joure granprèt Bondye a?
Cross References
Leviticus 19:35Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit.
Psalms 58:1(058:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (058:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?
Psalms 94:20Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?
Amos 5:7Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!
Matthew 23:27Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.
John 18:24Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la.