Akdèzapot 26:3
Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite keksyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 32:11Apre sa, mwen pran de papye tè yo. Sa ki te sele a te gen kontra lavant lan jan lalwa mande l' la. Lòt papye a te rete tou louvri.
Acts 21:21Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo.
Acts 24:10Gouvènè a fè Pòl siy pou l' pale. Pòl di: Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou.
Acts 25:26Mwen pa gen anyen ki sèten pou m' ekri sou li. Se poutèt sa mwen fè l' konparèt devan nou, devan ou menm sitou, wa Agripa. Konsa m'a jwenn sa pou m' ekri lè n'a fin poze l' keksyon.
Acts 26:26Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt.
1 Corinthians 13:2Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen.