Akdèzapot 28:16
Lè nou rive Wòm, yo kite Pòl rete pou kont li ak yon sèl sòlda pou veye li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:36Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.
2 Kings 25:8Sou setyèm jou senkyèm mwa nan diznevyèm lanne reny Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.
Acts 2:10Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirèn. Genyen ki soti lavil Wòm.
Acts 19:21Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizalèm. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al wè lavil Wòm tou.
Acts 24:23Li bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l' pa lage l', men pou l' ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l' yo rann li ti sèvis.
Acts 27:31Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove.