Akdèzapot 4:32
Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 30:12Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Seyè a te bay.
Ezekiel 11:19M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.
John 17:11Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.
Acts 1:14Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.
Acts 2:44Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm.
Romans 12:5Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò.