Akdèzapot 1:14
Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Piè kanpe nan mitan yo, li di:
Cross References
Matthew 12:46Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'.
Matthew 18:19Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m' ki nan syèl la va ba yo li.
Matthew 27:55Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile.
Mark 15:40Te gen kèk fanm la tou; men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome.
Luke 8:2Te gen kèk fanm avè l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li.
Luke 11:13Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.