Acts 5:37
Apre sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 7:14(07:15) Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.
Matthew 26:52Jezi di l' konsa: Mete nepe ou nan fouwo l'; paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou.
Luke 13:1Lè sa a, yo vin rakonte Jezi ki jan, pandan yon sèvis yo t'ap fè, Pilat te fè touye kèk moun peyi Galile a, epi li fè melanje san yo ak san bèt yo t'ap ofri bay Bondye.