Akdèzapot 5:36
Sa pa gen lontan, yon nonm yo rele Tedas te parèt. Li te pran pòz grannèg li. Li jwenn katsan (400) moun konsa ki te mete tèt ansanm avè li. Yo touye l', epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an tonbe.
Bib La
In The King James Version
In Context
35Apre sa, li di: Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo.
Cross References
Matthew 24:26Se pou si yo di nou: Gade, men l' nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l' kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo.
Acts 21:38Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil (4.000) bandi avè l' nan dezè a?
Galatians 6:3Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li.
2 Peter 2:2Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal.
Jude 1:16Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.
Revelation 17:5Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè.