Acts 6:5
Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a.
6Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo.
Cross References
Proverbs 15:1Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite.
Proverbs 25:11Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
Matthew 23:15Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l' tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou.
Acts 6:8Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la.
Acts 7:1Granprèt la mande Etyèn: Eske se vre?
Acts 11:19Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki te al jouk nan peyi Finisi, nan lil Chip, ak lavil Antiòch. Men, yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman.