The Bible Software
bible.software › Matie › Matie 23 › Matie 23:15

Matie 23:15

Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l' tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou.

Bib La

In The King James Version

Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye compass sea and land to make one proselyte, and when he is made, ye make him twofold more the child of hell than yourselves.

In Context

14Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.

16Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l' sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l' kenbe pawòl li.

Read all of Matie 23

Cross References

Matthew 5:22Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a.

John 8:44Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.

Acts 6:5Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo.

Acts 13:43Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye.

Acts 14:19Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri.

Acts 17:13Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo kòmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Matie 23:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesThe Fourfold GospelJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← Matie 23:14Matie 23Matie 23:16 →