Acts 6:9
Se konsa kèk moun leve dèyè li. Pami yo te gen manm sinagòg yo rele sinagòg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirèn ak lavil Aleksandri ki te ladan l'.) Yo menm ansanm ak lòt jwif ki soti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyèn.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Men, yo pa t' kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li.
Cross References
Matthew 10:17Pran prekosyon nou ak tout moun; paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo.
Matthew 27:32Lè yo soti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse msye pote kwa Jezi a.
Luke 21:12Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen.
Acts 11:20Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antiòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo; yo fè yo konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi Seyè a.
Acts 13:45Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li.
Acts 15:41Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.