Akdèzapot 7:2
Etyèn reponn: Frè m' yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t' ankò vin rete Karan.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Granprèt la mande Etyèn: Eske se vre?
3Bondye di l' konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l'. Ale nan peyi m'a moutre ou la.
Cross References
Genesis 12:1Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la.
Genesis 15:7Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou.
Joshua 24:2Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.
Psalms 24:7Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
Psalms 29:3Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
Isaiah 51:2Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m' te rele Abraram, li pa t' gen pitit. Mwen beni l', mwen ba li anpil pitit.