Akdèzapot 7:23
Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l' yo, moun pèp Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:18Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze.
Exodus 35:29Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a.
2 Chronicles 30:12Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Seyè a te bay.
Ezra 1:5Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm.
Proverbs 21:1Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.
2 Corinthians 8:16Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen!