Acts 7:44
Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l' jan Bondye te mande Moyiz pou l' fè l' la, dapre modèl li te moutre Moyiz la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:8y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo.
Exodus 26:30W'a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
Numbers 1:50Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
Numbers 10:11Ventyèm jou, dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi pèp la te soti kite peyi Lejip, nwaj la rete, li leve anwo Tant Randevou a.
Numbers 18:2W'a pran fanmi ou yo, moun branch fanmi Levi, granpapa ou la, w'a mete yo ansanm avè ou pou yo ka ede ou, pandan ou menm ak pitit gason ou yo, n'ap fè travay nou devan Tant Randevou a.
1 Chronicles 28:11Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo.