Acts 7:45
Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l' avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David.
Bib La
In The King James Version
In Context
46David te jwenn favè Bondye, li te mande l' pèmisyon pou l' te fè yon kay pou Bondye Jakòb la.
Cross References
Joshua 3:6Jozye pale ak prèt yo, li di yo: -Pran Bwat Kontra a, epi pran devan pèp la sou wout la. Prèt yo pran Bwat Kontra a, epi yo pran devan pèp la.
Joshua 18:1Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.
Joshua 24:18Se Seyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Seyè a n'ap sèvi, paske se limenm ki Bondye nou.
1 Samuel 4:4Se konsa yo voye kèk moun lavil Silo. Yo pran Bwat Kontra Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Yo pote l' vini. Tout de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te la ansanm ak Bwat Kontra a.
1 Kings 8:4yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay ki te apa pou Seyè a nan Tant Randevou a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo moute.
1 Chronicles 15:1David fè yo bati anpil kay pou li nan lavil David la. Li pare yon anplasman pou Bwat Kontra Bondye a, li moute yon gwo tant twal pou li.