Akdèzapot 7:51
Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
50Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo?
Cross References
Exodus 32:9Seyè a di Moyiz ankò: -Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di.
Exodus 33:5Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m' ka fè pou yo.
Leviticus 26:41Se poutèt sa mwen menm tou, mwen te kenbe tèt ak yo, mwen te mennen yo prizonye nan peyi lènmi yo. Lè sa a, moun ki te gen lògèy plen kè yo va soumèt devan m', y'a peye pou sa yo te fè a.
Deuteronomy 9:13Apre sa, Seyè a di m' ankò: mwen gade pèp la, mwen wè se yon pèp ki gen tèt di anpil.
Deuteronomy 30:6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
2 Chronicles 30:8Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Seyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Seyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Seyè a, Bondye nou an, pou Seyè a pa fache sou nou ankò.