2 Chronicles 30:8
Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Seyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Seyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Seyè a, Bondye nou an, pou Seyè a pa fache sou nou ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:13Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.
Deuteronomy 10:16Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Seyè a. Sispann fè wòklò ak li,
2 Kings 23:26Men malgre sa, Seyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l' te fè a.
2 Chronicles 6:5Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete, ni mwen pa t' chwazi pesonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 7:16Depi jòdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l' apa pou mwen. Se la pou yo fè sèvis pou mwen. M'ap veye l', m'ap pwoteje l' chak jou.
2 Chronicles 28:13Yo di yo: -Pa mennen prizonye sa yo isit la! Si nou fè sa n'ap antò devan Seyè a. Nou deja fè kont peche nou konsa, Seyè a tou move sou pèp Izrayèl la, pou n'ap vin mete ankò sou sa nou fè ki mal ak sou peche nou yo!