Akdèzapot 8:39
Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
38Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li.
Cross References
2 Kings 2:16Yo di li: —Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: —Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
Psalms 119:111Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.
Isaiah 55:12N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!
Isaiah 66:13Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.
Ezekiel 8:3Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè.
Ezekiel 11:24Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt.