Akdèzapot 9:31
Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l' lavil Sezare, yo fè l' pati pou Tas.
32Pyè menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida,
Cross References
Deuteronomy 12:10Men, yon fwa n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al rete nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, l'a pwoteje nou nan mitan tout lènmi k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, n'a rete nan peyi a ak kè poze.
Judges 3:30Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Moab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a.
1 Chronicles 22:18Li di yo konsa: -Seyè a, Bondye nou an, te toujou la avèk nou. Li fè nou viv nan lapè ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lòt moun ki rete nan peyi a, kifè tout peyi a soumèt nèt devan Seyè a ak devan pèp li a.
Nehemiah 5:15Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
Job 28:28Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.
Psalms 94:13pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.