Akdèzapot 9:39
Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 1:24Medam pèp Izrayèl yo, rele pou Sayil! Li te konn ban nou bèl rad koulè violèt ki koute byen chè, ak bèl bijou an lò pou mete sou nou.
Proverbs 10:7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.
Ecclesiastes 9:10Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.
Matthew 25:36Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.
Mark 14:8Fanm lan fè sa l' te kapab. Depi davans li tou benyen kò m' pou lantèman mwen.
John 12:8Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan.