Akdèzapot 9:40
Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l' atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lè l' wè Pyè, li chita.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 4:32Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan.
Matthew 9:25Lè foul moun yo fin soti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve.
Mark 9:25Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò.
Luke 22:41Epi li kite yo, li al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè.
Acts 7:60Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: Seyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l' fin di sa, li mouri.
Acts 21:5Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè.