The Bible Software
bible.software › Amos › Amos 1 › Amos 1:6

Amos 1:6

Seyè a di konsa: Moun lavil Gaza yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo.

Bib La

In The King James Version

Thus saith the LORD; For three transgressions of Gaza, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they carried away captive the whole captivity, to deliver them up to Edom:

In Context

5M'ap kraze pòtay lavil Damas la miyèt moso. M'ap disparèt moun ki rete nan Fon Avenn ansanm ak chèf ki kòmande lavil Betedenn lan. Y'a fè moun peyi Siri yo prizonye, y'a depòte yo nan peyi Kir. Se Seyè a menm ki di sa.

7M'ap voye dife sou miray lavil Gaza. L'ap boule gwo kay yo ra tè.

Read all of Amos 1

Cross References

2 Chronicles 21:16Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram.

2 Chronicles 28:18Moun Filisti yo, bò pa yo menm, t'ap piye lavil peyi Jida yo ki te nan pye mòn yo ak nan zòn Negèv la. Yo pran pou yo lavil sa yo: Bètchemès, Ajalon, Gedewòt, Soko, Timna ak Gimzo ansanm ak tout ti bouk ki te sou zòd lavil sa yo. Yo rete ladan yo.

Jeremiah 47:1Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an t' al atake Gaza.

Ezekiel 25:15Seyè sèl Mèt la di konsa: -Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj.

Joel 3:6Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n' al vann yo bay moun peyi Lagrès.

Amos 1:9Seyè a di konsa: Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Amos 1:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Amos 1:5Amos 1Amos 1:7 →