Amos 1:9
Seyè a di konsa: Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Se poutèt sa, m'ap voye dife sou miray lavil Tir. L'ap boule gwo kay li yo ra tè.
Cross References
2 Samuel 5:11Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.
1 Kings 9:11Iram, wa peyi Tir, te ba li tout bwa sèd ak bwa pichpen ansanm ak tout lò li te bezwen pou l' fè travay la. Lè travay la fini, wa Salomon bay Iram ven lavil nan zòn Galile a.
Isaiah 23:1Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.
Jeremiah 47:4Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Seyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki soti nan lil Krèt la.
Ezekiel 27:1Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Ezekiel 28:1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: