Amos 2:14
Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Koulye a, mwen pral kraze nou anba pye m' menm jan yon kabwèt chaje ap foule tè.
Cross References
Job 11:20Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.
Ecclesiastes 9:11Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.
Jeremiah 9:23Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.