Amos 3:12
Seyè a di konsa: Lè yon lyon fin devore yon ti mouton, tou sa gadò a resi sove se renk de pye ak yon ti moso zòrèy. Konsa tou, se de twa nan moun pèp Izrayèl ki rete lavil Samari yo k'ap sove, yo menm ki rete nan yon ti kwen kay, sou yon moso kabann.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Koute byen. Avèti pitit pitit Jakòb yo. Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di:
Cross References
1 Samuel 17:34David di Sayil: -Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m' yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo,
1 Kings 20:34Bennadad di li: -M'ap renmèt ou tout lavil papa m' te pran nan men papa ou yo. Ou mèt louvri boutik nan lavil Damas pou vann, menm jan papa m' te fè l' lavil Samari. Akab reponn li: -Si se konsa, w'ap pase yon kontra avè m', mwen menm m'ap kite ou al fè wout ou. Akab pase yon kontra avèk Bennadad, lèfini li kite l' al fè wout li.
2 Kings 16:9Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.
Isaiah 17:1Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli.
Isaiah 17:7Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la.
Amos 6:4Sa pral rèd nèt pou moun ki kouche sou bèl kabann, k'ap layite kò yo sou bon matla dous, k'ap manje jenn ti mouton ak jenn ti bèf!