Amos 3:13
Koute byen. Avèti pitit pitit Jakòb yo. Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di:
Bib La
In The King James Version
Hear ye, and testify in the house of Jacob, saith the Lord GOD, the God of hosts,
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:18m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.
2 Kings 17:13Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an.
2 Chronicles 24:19Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo.
Ezekiel 2:7Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.
Acts 2:40Pyè t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l' te fè yo kwè, pou l' te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo.
Acts 20:21Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.