Amos 3:15
M'ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 3:20Wa a te chita nan chanm pa l' anwo kay la, kote ki te fè fre anpil. Eyoud pwoche bò kote l', li di l' konsa: -Se yon mesaj Bondye ban m' pou ou. Wa a leve kanpe.
Psalms 45:8(045:9) Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan.
Jeremiah 36:22Se te nan sezon fredi, nan nevyèm mwa a, wa a te nan kay kote li konn pase tan fredi a, li te chita devan yon gwo recho dife tou limen.
Amos 5:11Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo.