The Bible Software
bible.software › Amos › Amos 5 › Amos 5:11

Amos 5:11

Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo.

Bib La

In The King James Version

Forasmuch therefore as your treading is upon the poor, and ye take from him burdens of wheat: ye have built houses of hewn stone, but ye shall not dwell in them; ye have planted pleasant vineyards, but ye shall not drink wine of them.

In Context

10Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal.

12Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal.

Read all of Amos 5

Cross References

Leviticus 26:16men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.

Deuteronomy 28:38N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.

Isaiah 5:7Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t'ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t'ap tann yo fè sa ki dwat devan je l', men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.

Isaiah 65:21Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.

Hosea 9:2Men, talè konsa, nou p'ap gen kont farin, ni kont lwil pou nou sèvi. Kanta pou diven, nou p'ap jwenn sa menm.

Amos 3:15M'ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Seyè a menm ki di sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Amos 5:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Amos 5:10Amos 5Amos 5:12 →