Amos 3:4
Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa san li pa gen tan jwenn sa pou l' manje a anvan? Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li san li pa gen anyen nan bouch li?
Bib La
In The King James Version
In Context
3Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t' antann yo anvan?
Cross References
Psalms 104:21Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje.
Hosea 11:10Y'a pran mache dèyè m' ankò. Lè m'a gwonde tankou yon lyon, y'a tranble kou fèy bwa, y'a kouri kite peyi bò kote solèy kouche a, y'a vin jwenn mwen.
Amos 3:8Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?