Amos 3:8
Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?
Bib La
In The King James Version
The lion hath roared, who will not fear? the Lord GOD hath spoken, who can but prophesy?
In Context
Cross References
Job 32:18Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m' pa pale m'a toufe.
Isaiah 21:10Nou menm, pèp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m' tankou moun fwote diri sou glasi. Men, koulye a m'ap fè nou konnen bon nouvèl mwen te tande a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te fè m' konn sa.
Jeremiah 26:12Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la.
Amos 2:12Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.
Amos 7:12Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l' konsa: -Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesaj ou yo laba. Y'a peye ou pou sa!
Amos 7:15Men, Seyè a pran m' nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m' lòd pou m' al fè pèp Izrayèl la konnen mesaj li voye ba yo.