Amos 4:13
Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen soti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l': Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 10:22Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou.
Deuteronomy 32:13Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann.
Job 9:7Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.
Psalms 65:6(065:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.
Psalms 139:2Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.
Isaiah 5:30Jou sa a, y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nwaj nwa bouche toupatou nan syèl la!