Isaiah 5:30
Jou sa a, y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nwaj nwa bouche toupatou nan syèl la!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 93:3Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
Isaiah 13:10Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò.
Jeremiah 4:23Mwen gade tè a: Pa yon pyebwa! Anyen menm! Mwen gade syèl la: Pa yon ti limyè!
Jeremiah 50:42Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.
Ezekiel 32:7Lè m'ap disparèt ou a, m'ap kouvri syèl la, m'ap bouche zetwal yo. M'ap kache solèy la dèyè nwaj yo, lalin lan p'ap klere ankò.
Amos 8:9Men pawòl Seyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen.