Amos 5:15
Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:30Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an.
1 Kings 20:31Moun pa l' yo vin jwenn li, yo di l' konsa: -Nou tande jan wa peyi Izrayèl yo se moun ki gen bon kè. Ban nou otorizasyon pou n' al jwenn wa peyi Izrayèl la. N'ap mete rad sak sou nou tankou moun yo fè prizonye. Ou pa janm konnen li ka sove lavi ou.
2 Kings 14:26Seyè a te wè jan pèp Izrayèl la t'ap soufri anpil. Tout moun, jenn gason kou granmoun, t'ap pase pa yo. Pa t'gen pyès moun pou pote yo sekou.
2 Kings 19:4Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.
Psalms 34:14(034:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
Psalms 37:27Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.