Exodus 32:30
Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 16:47Arawon pran ti recho a, li fè sa Moyiz te di l' fè a. Epi li pran kouri nan mitan pèp la. Men, malè a te deja konmanse ap fè dega nan pèp la. Lè Arawon wè sa, li mete lansan sou dife a, li fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo.
1 Samuel 2:17Peche pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Seyè a, paske yo pa t' respekte ofrann yo te fè pou Seyè a.
1 Samuel 12:19Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
1 Samuel 12:23Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a.
2 Samuel 16:12Nou pa janm konnen, Seyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m' benediksyon nan plas madichon l'ap ban m' jòdi a.
Job 42:7Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.