Amos 5:18
Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Seyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Nan tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Seyè a menm ki di sa.
Cross References
Isaiah 5:19Y'ap plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l'. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.
Isaiah 9:19Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn.
Isaiah 24:18Moun k'ap kouri lè y'a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k'ap moute soti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble.
Isaiah 58:2Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m' yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m', epi ki pa t' janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m' pou m' defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.
Jeremiah 30:7Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l'.
Ezekiel 12:27-Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo ap di vizyon w'ap fè a poko prèt pou l' rive. Mesaj w'ap bay yo, se pa pou yo, y'a gen tan mouri anvan sa ou di a rive.