Isaiah 9:19
Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 1:31Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa gwonèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pesonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.
Isaiah 8:22y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.
Isaiah 13:13Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.
Isaiah 24:6Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.
Isaiah 60:2Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!
Ezekiel 9:5Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape!