Amos 5:8
Se Seyè a ki te fè zetwal yo, Lapousiyè ak Oryon. Li fè lannwit tounen lajounen, li fè lajounen tounen lannwit. Li rele dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele l' Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!
9Li rale malè sou gwo chèf yo, li fè kraze sitadèl yo nèt.
Cross References
Genesis 7:11Jou ki fè Noe sisanzan (0600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a.
Exodus 14:24Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo.
Job 9:9Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.
Job 37:13Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.
Job 38:31Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?
Psalms 104:6Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.