Amos 8:12
Lè sa a, moun va pran kouri soti nan n o al nan sid, soti nan lès al nan lwès. Y'a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Seyè a. Men, yo p'ap jwenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 14:6Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.
Ezekiel 20:31Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m' ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m' anyen! Se mwen menm, Seyè ki sèl Mèt la, ki di sa!
Hosea 5:6Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo.
Matthew 12:30Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.
Romans 9:31Men, moun pèp Izrayèl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a.
2 Timothy 3:6Gen ladan yo k'ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k'ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo.