Hosea 5:6
Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 10:24Farawon an fè rele Moyiz, li di l' konsa: -Nou mèt ale fè sèvis pou Seyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la.
Proverbs 15:8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
Song of Solomon 5:6Lè mwen louvri pòt la pou li, li te gen tan al fè wout li. Jan m' te santi m' ap mouri lè m' te tande l' ap pale a! M' chache l', m' pa jwenn li! M' rele l', li pa reponn!
Isaiah 66:3Pèp la fè sa yo pito. Yo touye bèf pou mwen jòdi, denmen yo touye moun pou zidòl yo. Yo ofri ti mouton pou yo touye pou mwen jòdi, denmen yo kase kou chen pou zidòl. Yo fè ofrann grenn jaden yo jòdi pou mwen, denmen yo fè ofrann san kochon pou zidòl. Yo boule lansan sou lotèl mwen an pou m' pa janm bliye moun ki fè ofrann lan jòdi, denmen y'ap fè sèvis pou di Satan mèsi. Yo pran plezi nan fè zafè pa yo jan yo vle. Yo kontan fè vye bagay lèd y'ap fè yo.
Jeremiah 11:11Enben! Se mwen menm Seyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l'. Y'a kriye nan pye m', mwen p'ap koute yo.
Ezekiel 8:6Bondye di m' ankò: -Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m' kite tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou.