Amos 8:6
N'a pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n'a achte yo pou sèvi esklav. N'a pran pòv malere ki pa gen senk, n'a achte yo pou pri yon pè sapat. N'a vann ata pay diri a pou gwo lajan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 5:1Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo.
Ezekiel 22:12Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Joel 3:6Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n' al vann yo bay moun peyi Lagrès.
Amos 8:4Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a.